GOLD CUP: BÈL VIKTWA POU MEKSIK FAS AK KANADA.

Ayè mèkredi 19 jwen 2019 la nan gwoup A gen ekip Meksik la ki frape ak Kanada kote li pase’l (3-1).

Se Meksiken yo ki te gen avantaj teren an ak yon bèl pousantaj balon 68% kont 32% pou kanadyen yo. 5minit avan premye mitan fini seleksyon Meksikèn nan ta pral ouvri eskò a gras ak yon gòl de Alvarado.
Nan dezyèm mitan ekip meksikèn nan te kontinye ap mete presyon jiskaske yo jwenn yon dezyèm gòl avèk A.Guardado nan 54′ minit jwèt la. Kanada ki te twouvel nan difikilte fas avèk yon bèl ekip Meksik ki gen yon bèl volim foutbòl, nou konnen yo vrèman rapid nan jwèt yo. Kanada ta pral jwenn rediksyon mak la nan 75′ minit gras ak Cavalli ni lè sa match la te (2-1) men sa pat rete konsa paske menm Guardado ki te fè (2-0) a ta pral mete match la (3-1) nan 77′ minit.

Aprè bèl viktwa sa seleksyon meksikèn kenbe tèt klasman ak 6 pwen Kanada limenm dezyèm ak 3.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …