AYITI/POLITIK: OEA PA NAN RACHE MANYÒK OPOZISYON AN AP MANDE A.

Ayè mèkredi 19 jwen 2019 la yon delegasyon OEA ki gen nan tèt li anbasadè Carlos Trujillo, prezidan konsèy pèmanan òganizasyon eta ameriken an, reprezantan pèmanan Etazini an, chèf kabinè sekretè jeneral OEA Gonzalo Koncke chita pale ak prezidan repiblik la Jovenel Moise epi minis afè etranje peyi Dayiti a Edmond Bocchit.

Nan chita pale sa yon manm nan delegasyon an fè konnen yo pa vin mande prezidan repiblik la pou li demisyone paske yap sipòte lalwa, si yon moun pa renmen prezidan an ke li aranjel pou ale pran pouvwa a nan eleksyon.

Selon youn nan ofisyèl OEA yo prezidan repiblik la Jovenel Moise Dakò ak yon pwopozisyon ke OEA fè pou ta fòme yon komisyon espè endepan entènasyonal nan finans pou ta vin founi je nan odit depans lajan petwokaribe a toujou selon ofisyèl la prezidan an prè pou li ale Washington pou al siyen ke li pa gen anyen lap kache nan dosye petwokaribe a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …