KOPA AMERIKA: VIKTWA MERITE POU CHILI FAS AK EKWATÈ.

Ankò yon lòt fwa seleksyon chilyèn nan kontinye ap pwouve bèl elan yap pran nan foutbòl la deja yo se ekip ki ranpòte de (2) dènye edisyon Kopa Amerika yo.

Ayè vandredi 21 jwen 2019 la yo kase met nan men seleksyon Ekwatoryèn nan malgre Ekwatè gen yon bèl ekip foutbòl ki jwe yon bèl match. Men sa pat anpeche Chili bat yo (2-1).

Premye gòl match la ta pral vini trè bonè  ak Fuenzalida 8’minit ki te pèmèt Chili menen 1-0 nan match la. Ekwatoryen yo pat rete bra kwaze yo tap mete anpil presyon sou ekip chilyèn nan avék anpil bèl atak jiskaske E.Valencia pèmèt yo jwenn gòl egalizasyon an nan 23 zyèm minit match la,lè sa match la te vin 1-1 yon premye mitan ki te fini nil.

Ekip ekwatoryèn nan te kontinye ap mete presyon ak anpil bèl jwèt men yo te bliye si gen yon Alexis Sanchez ki ka chanje match la nenpòt lè. Eben Alexis ta pral fè gòl (2-1) an nan 56zyèm minit aprè yon fot ki te fèt sou Beausejour ki gen orijin ayisyèn. Nan fen match la oswa a la 89 vyèm minit ekip Ekwatè a  ta pral jwe an mwens nan fen match akoz Achilier ta pral pran katon wouj apre li te fin fè yon fot grav.

Aprè viktwa sa Chili pase an premye nan gwoup li a ak 6 pwen sou 6 epi Uriguay dezyèm ak 4 pwen sou 6.Yo tou de (2) pral gen pou afwonte nan pwochen rankont yo a.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …