AYITI KONFLI: OPOZISYON AN PRAN YON SO KABRIT KABRIT YO PÈDI DE DAN PLIZYÈ LÒT SEKWE.

Apre pwopozisyon soti kriz pati nan opozisyon an ki rele tèt yo sektè demokratik e popilè a ki gen nan tèt li 4 senatè Antonio Cheramy, Nenel Cassy, Evaliere Bauplan, Ricard Pierre soti a gwo deblozay pete nan opozisyon an genyen kap demake, genyen kap akize lòt e koz gwo divizyon.

Dimitri Vorbe ak Reginald Boulos ki akize kòm moun kap bay lajan nan lari a pou bloke epi manifeste kont prezidan an nan yon twit Dimitri Vorbes fè konnen opozisyon an fè flay lè yo mande pòs premye minis nan pwopoziyon yo di ki rele soti nan kriz la.

Eric Jean Baptiste kriye lèl tande mesye yo mande amnisti pou konfrè yo ak konsè yo ki gaspiye lajan petwokaribe a, li pran medya, li sèmante patizan opozisyon yo lage nan kò mesye a sou tout rezo sosyo yo akizel yo menm tante boule kèk bank bòlèt li, RDNP kouri kite opozisyon an.

Kòn pouse nan tèt palmantè yo lè yo tande nan pwopozisyon an palman an ap kraze, prezidan sena Carl Murat Cantave ki tap jofre prezidan pwovizwa selon enfo yo wè sa pap rive fèt li voye pye pase bourik. Prezidan chanm depite a li menm li tounen agranman tout moun ap mande kote li kanpe.

Fanmi Lavalas di li pa rekonèt pwopozisyon mesye dam yo selon Pasha Vorbe pwopozisyon sa se menm sistèm nan yo voyel jete byen lwen nap raple nan moun ki te chita sou pwopozisyon sa yo Nenel Cassy, Schiler Louidor, Manes Louis Printemps Belizaire poun site moun sa yo te reprezante Lavalas donk fanmi an divize.

Popilasyon bò kote pa yo ke yo pran an otaj depi 9 jwen 2019 pran nan chochonèt
Pitit yo pa ka al konpoze, mesye opozisyon yo ap goumen antre yo, prezidan an kanpe tòg, tout bagay ap moute pa gen lopital moun ap mouri grangou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …