GOLD CUP: DE (2) GRENADYE MAKE LISTWA NAN SELEKSYON NASYONAL LA APRÈ BÈL VIKTWA YO FAS AK KOSTA RIKA.

Aprè bèl viktwa gloriyez seleksyon nasyonal ayisyèn nan fas ak ekip Kosta Rika a yè lendi 24 jwen 2019 la gen de (2) grenadye ki enskri non yo nan listwa.

De (2) grenadye sa yo se Djimy Ben Alexis ak Duckens Nazon, nan rankont Ayiti kont Kosta Rika a se te yon match ke Kosta Riken yo te domine premye mitan an,  grenadye yo ta pral ankese yon gòl trè bonè nan 13zyèm minit aprè yon erè defansif kote Djimy Ben Alexis ta pral fè gòl kont kan li, sa ki te bay avantaj la ak Kosta Rika, se yon premye mitan ki te fini 1-0 anfavè Kosta Riken yo.

Nan dezyèm peryòd la poulen Marc Collat yo te monte teren an ak yon lòt detèminasyon,yo tap fè bèl jwèt, anpil bèl atak jiskaske Ayiti benefisye yon penalti nan 56zyèm minit aprè defans Kosta Rikèn nan ta pral fè fot sou nazon nan sifas reparasyon an. Se menm Nazon sa ki bay tèt li jistis lè li transfòme Penalite a an gòl pou pèmèt grenadye yo respire byen avèk gòl egalizasyon sa. Ayiti fè anpil bèl atak avèk Nazon ak Etienne men 2 jwè sa yo te parèt pafwa twò pèsonèl sou kèk aksyon ki koz nou pa make plis gòl.

Aprè gòl sa Nazon enskri sou penalite a li pase kòm meyè bitè seleksyon nasyonal la nan Gold Cup avèk 3 gòl make (fòma aktyèl).

Se gras avèk Djimy Ben Alexis ki te bay tét li gòl nan premye mitan an grenadye yo ta pral sebre viktwa avèk yon bèl gòl delivrans, yon gòl liberatè, yon gòl ki vo lò ki tra pral soti nan pye Djimy Ben Alexis.

Apre otogòl ak bèl gòl viktwa Djimy Ben Alexis make a, li antre nan listwa kòm premye Ayisyen ki fè gòl kont kan li epi li korije erè a lè li make gòl viktwa.

Djimy Ben Alexis se premye titilarizasyon li nan Gold Cup epi li se premye Grenadye ki bay tèt li gòl epi make listwa epi Duckens Nazon meyè bitè seleksyon nasyonal la nan Gold Cup.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …