AYITI ENSEKIRITE: DIREKTRIS LOTRI LETA AYISYEN VIKTIM DE YON MOUVMAN NAN ZÒN MIRAGRÀN.

Moun yo pa idantifye atake Direktris jeneral Lotri leta Ayisyen Marie Margareth Fortuné ki blese nan bra li nan lokalite Chalon zòn Miragwàn jodi mèkredi 26 jwen 2019 la apre midi a . Direktris la te gen ak li de (2) lot moun . yo tire sou yon machin pickup LEH epi mete dife ladanl.

Selon enfo nou rive jwenn atak la pat vize direktris la dirèkteman men yon gwoup moun nan popilasyon an ki te nan yon konfli ak lapolis akoz yon jèn gason ki ta blese anba bal epi kèk moun nan popilasyon ki te an kolè boule kawotchou voye wòch boutèy e se nan nan moman direktris la tap rive yo tou atake machine yon pick up lotri a epi yo mete dife ladann.

Direktris la ki pat twò grav nan moman tal refije li kay yon notab nan zòn nan selon yon pwòch li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …