COPA AMERIKA: BREZIL JWENN BIYÈ DEMI FINAL LI NAN SEYANS PENALITE.

Aprè ekip Brezil la te fin fè yon laj viktwa sou ekip Pewou a (5-0) pou’l te boukle faz de poul la, ayè jedi 27 jwen 2019 lan ekip Paragweyèn nan te vle kenbe yo an echèk malgre laj dominasyon ekip mayo jòn nan.

Nou te viv yon bèl premye mitan bòkote tou 2 ekip yo men brezilyen yo te gen yon pi bon pousantaj balon (70%-30%). Aprè anpil bèl atak poulen Tite yo te fè yo pat rive jwenn chemen filè a menmjan tou pou paragweyen yo ki pat arive make gòl se yon premye peryòd kote 2 ekip yo antre nan vestyè a sou eskò nil (0-0) a.

Nan dezyèm peryòd la ekip Brezil la te parèt trè menasan, li tap mete anpil presyon sou paragweyen yo, li fè anpil atak danje, apre yon bèl chanjman Tite fè lè li te fè sòti Allan pou rantre Willian ki te vin chanje jwèt la konplètman avèk anpil bèl atak, bèl sant epi li te mete yon tir se poto a ki te sove paragwe,brezilyen yo tap atake anpil vre men Paragwe te gen yon bon defans epi gadyen yo souvan sove yo ak anpil bèl arè.
Nan 58 tyèm minit ta pral gen aksyon kote abit la te akòde penalti ak ekip brezilyèn nan men « Va » ta pral fè apèl ak abit la ki chanje desizyon li te pito bay yon koufran nan avantaj poulen Tite yo,se sou menm aksyon ki te mennen fot sa seleksyon paragweyèn nan ta pral redui ak 10 kont 11 paske gen jwè yo a Fabiàn Balbuena ki ta pral pran katon wouj.

Match li te toujou parèt anfavè brezilyen yo kite mete pye yo sou akseleratè a yo tap domine men jiskaske abit la fè kout siflè final la okenn ekip pat arive jwenn chemen filè se yon match ki fini ak yon nil vyèj.Pat gen polongasyon, tou 2 ekip yo te antre nan dirèkteman nan seyans tiwobi. Se ekip brezilyèn nan ki arive fè la diferans lè li depatajel 4 tiwobi a 3 a ekip paragweyèn nan. Pou paragwe se Gustavo Gomez ak Derlis Gonzalez ki rate tiwobi pa yo a tandiske bòkote Brezil se sèl Roberto Firmino ki rate sa ki vin egal 4-3 anfavè poulen Tite yo.

Aprè seleksyon Jòn ak vèt la fin fè gwo diferans sa li tou jwenn biyè kalifikasyon’l pou demi final yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …