Apre lapolis fin mete anba kòd chèf bandi vilaj de Dye a Anel Joseph jou ki te lendi 22 jiyè 2019 la nan vil Okay pandan bandi a tal pran swen nan lopital Bòn fen, DG PNH la Michel-Ange Gédéon voye yon mesaj bay tout polisye yo.
Dg a deklare « la force doit être à la loi » li mande polisye yo pou yo fè travay yo san fòs kote nan mare tout bandi kap simen latwoublay nan peyi a, kèlkanswa nan kan bandi a ta afiche li ye, se bandi yo ki pou pè, li pa bezwen konn si yap travay ni pou Pyè ni pou Jak depi yo anpeche moun fonksyone yap met dlo nan je moun se ba yo kòd e remèt yo bay la jistis.
DG a fè konnen lapolis la fè yon gwo kou pou mwa jiyè a kote yo rive mete anba kòd Anel Joseph youn nan bandi ki bay plis traka nan peyi a dènye tan sa yo, li te menm rive bay lapolis defi.