The migrants shortly after their arrival at HMBS Coral Harbour shortly after 10:00am Tuesday morning. (RBDF Photos by Petty Officer Jonathan Rolle)

AYITI BAYAMAS : YON MEDYA NAN PEYI BAYAMAS DENONSE PLIZYÈ MARYAJ KI PA KLÈ.

Medya The Nassau Guardian ki chita nan peyi Bayamas denonse plizyè maryaj ki pa klè kap fèt nan peyi Bayamas pou bay imigran ayisyen yo papye.

Selon medya a gen plizyè otorite peyi Bayamas ki patisipe nan jan de maryaj sa yo, kote yon seri moun ki antre nan peyi Bahamas san papye peye gwo lajan pou yo kapab marye yon fason pou jwenn papye pou yo rete nan peyi a san pwoblèm, yo  idantifye pifò nan moun sa yo se ayisyen kap kouri kite peyi Dayiti pa pil pa pakèt pou antre nan peyi Bayamas san papye lè yo rive yo fè yon maryaj biznis.

Selon yon sous nan peyi Bayamas ankèt sa mennen apre yo wè kantite ayisyen kap viv sou sòl Bayamas la ogmante anpil. Kontrèman ak enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyo yo pa bò isi ki ta kòmanse site non moun e ta fè kwè gen manda pou arête moun, ankèt la poko site non moun ki ta gen men yo tranpe nan dosye sa nan anbasad peyi Dayiti nan Bayamas.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …