AYITI/LAME: GRADYASYON YON PREMYE KLAS SÒLDA AYISYEN KI PRAN FÒMASYON NAN PEYI A.

250 sòlda ayisyen ki tap pran fòmasyon nan baz militè Anakawona ki twouvel nan gresye  gradye jounen mèkredi 14 dawout 2019 la.

Prezidan repiblik la S.E.M Jovenel Moïse ki te prezan nan seremoni sila fè konnen nan konsiltasyon li te antreprann ak plizyè moun nan tout kouch nan peyi a majorite te dakò pou lame a rekanpe, prezidan an ale pilwen pou di fòs lame a ap la pou sèvi peyi a epi ap pote solidarite yo nan moman katastròf natirèl yo.

Yon lòt bò, lyetnan jeneral Jodel Lessage kòmandan en chèf pwovizwa fòs lame Dayiti a salye prezans anbasad peyi Meksik la ki renouvle yon lòt fwa angajman li ak ministè defans pou pèmèt peyi dayiti remete sou pye lame li a ki se yon pwen fò daprè li pou avansman peyi an e yon mwayen pou stabilite kapab tabli sou ti bout tè papa Dessalines nan.

Pou fini prezidan repiblik la fè konnen lame Dayiti pa la pou pran plas lapolis e konsa tou lapolis pap ka pran plas lame a.

Anderson PHEBE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …