Chèf kilt Vodou ayisyen an ougan Cedral ke leta rekonèt 16 novanm 2018 mande pou pèp ayisyen sonje dat 14 out 1791 la epi retounen nan sous yo.
Chèf kilt la raple pèp la ke se jou sa pèp ayisyen te pran nesans, se jou sa tou Tijan batist Viksama te sakrifye tèt li pou nou te ka ale goumen kont sistèm esclavajis la.
Yon batay ki te fè zansèt nou yo efase esklavajis nan tout mond lan kote kite genyen esklav blan. Ougan cedral mande pou pèp ayisyen tounen nan sous Lakay li, pou yo batize anndan vodou a, pou yo marye anndan Vodou a, pou yo chante antèman anndan vodou a, pou yo aprann Konnen kisa Vodou ye, ayiti ayizan Ayibobo libète ou lanmou.
Pou fini Ougan Cedral di: « Vive le sang Jean Baptiste le grand, vive le sang Jean Jacques Dessalines, vive le sang de boukman, vive le sang de Capois la mort ak tout zansèt ki te goumen pou nou yo. »