AYITI/FAKILTE: YON FAKILTE AGWONOMI NAN UNIFA

Responsab inivèsite fondasyon doktè Jean Bertrand Aristide yo (UNIFA) anonse ouvèti fakilte syans nati ak agrikilti(FSNA) // nan kad yon chita pale ak laprès jounen jedi 22 dawout 2019 la.

Arlan Lecorps enjenyè nan agwonomi pa met dlo nan bouch pou fè konnen ouvri yon fakilte syans nati ak agrikilti se yon pwojè responsab (UNIFA) yo tap karese depi kèk tan epi pwofite pou di fakilte a vle pote kontribisyon nan fòme pwofesyonèl ki konprann fòs viv nati yo e kap gen kapasite pou metrize yo yon mannyè pou satisfè bezwen lòm

Yon lòtbò Agwonòm Jean Maurice Déjean ale pilwen pou di (FSNA) konte ofri yon fomasyon kap dire senk (5) lane kap divize an 2 sekans pedagojik ki daprè li premye sekans lan ap dire 3 lane kote etidyan an ap resevwa yon diplòm agwonomi jeneral, e aprè dire sila etidyan ki gen volonte ka spesyalizel nan branch li vle

Pou fini agwonòm Jean Maurice Déjean fè konnen fakilte syans nati ak agrikilti ap gen twa spesyalite yon spesyalite sou anviwonman ak youn nan syans epi teknik pwodiksyon animal pou site sa yo selman.

 

*Otè:Anderson PHEBE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …