Brezil, Chili pou yon popilasyon san avni.

Depi peyi sa pran nesans nan dife ak san, li pa janm konnen yon moman kote tout bagay ap byen mache, kote popilasyon an benefisye yon lavi miyò tout bon vre, se toujou pwoblèm sosyal, ekonomik  ak politik  ki pote lamayòl. Popilasyon an ap viv nan kras, li pa jwenn okenn sèvis, chomaj la ap taye banda  sou plis pase 80% Moun ki gen laj pou travay. Sa kap travay yo menm paka  rive  viv  byen,  se yon grapday  yap touche  epi lavi a chè anpil pa bò isit. Kidonk, pou anpil nan yo pagen lòt altènativ se kouri kite peyi a al chache lavi miyò nan lòt peyi ki ofri sa.

Fenomèn pati kite peyi a pa yon bagay ki kale tou denkou, se yon pwosesis istorik ki makònen ak pwoblèm ekonomik, sosyal ak politik. Si nap gade byen nan listwa nap wè mas yo pa janm jwenn yon ale mye depi apre lendepandans. 19yèmsyèk peyi a make ak yon gwoup  boujwa nasyonal ki akapare tout  resous yo, kap fè lajan nan rantepi  kap batay ak siryen, libanè ki vin antre nan komès anndan peyia tou. Men se domaj, ak okipasyon blan meriken nan kòmansman 20yèmsyèk la, boujwazi nasyonal pral pèdi batay la, kidonk, etranje yo pral enstale nan bòdmè a pou fè tiyo nan ekonomi an. Pandanstan, mas defavorize yo pa rive soti nan dinamik eksplwatasyon yap sibi sou tè gran donnan  epi nan faktori ki te kòmanse boujonnen anndan peyi a.

Sou lobedyans 2 fòm boujwazi sa yo peyi pa rive antre nan pwosesis endistrializasyon an vrèman, boujwazi an pito rete nan komès, kidonk pagen pwodiksyon richès anndan peyi a.Anmenmtan, nan kòmansman ane 80 yo nou pral antre ak fòs nan liberalizasyon mache sa ki pral bay pwowdiksyon agrikòl la gwo frap. Nan yon ti tan kout pwodiksyon agrikòl la tonbe, kounye a nou pral asiste ak deplasman an mas peyizan yo kap vin bouskelavi nan Pòtoprens. Anplis, fenomèn kanntè a pral tanmen. Yon latriye ayisyen, sitou sa ki pi pòv yo, sa yo Leta bliye yo pral pran ti bwafouye pou antre Etazini, Bayamas, Gwadloup, Kiba elatriye. Sa ki pa gen mwayen pou peye vwayaj la, pral antre nan faktoriyo pou yal bourike pou yon grapday, ki pa menm pèmèt yo repwodwi fòs travay yo. konsa, peyia pèdi anpil pitit li nan fon lanmè.

Fòk  nou di tou, deplasman anpil ayisyen sitou sa yo defavorize yotanmen depi nan lane 30 yo ko timoun yo te konn al koupe kann Kiba ak Sen Domeng, nan lane 50 yo ak  zafra  Leta  ayisyen vann peyizan  pou al koupekann nan batey Sen Domeng. Anplis pandan 29 lane rejim bout di Duvalier  a, ayisyen tout kalte tout kondisyon sosyal ak ekonomik chape poul yo pou yal an Afrik, Etazini, Kanada, Lafrans. Jan nou ka wèl ayisyen te toujou ap kite peyi a pou divès rezon, anpil fwa   rive sou yon lòt syèl menm si gen nostalji ak lapèn kondisyon lavi yo konn amelyore sa ki pèmèt yo soutni sa yo kite dèyè.

Jounen jodi a fenomèn nan pran yon lòt vitès menmsi destinasyon yo chanje. Brezil ak Chili se 2 peyi ki louvri pòt yo 2 batan pou ranmase jèn ayisyen kap trimen pabòisit. Jèn sa yo ki pa gen lespwa,  kipa wè anwo ki pawè anba, yo pi plis se vre, men ki sa yo genyen nan men yo pou defann yo, pou bati lavni la vi yo. Nan yon sosyete kote pa gen travay, kote majorite moun ap viv ak pi piti pase yon (1) dola ameriken chakjou, kote 5% moun ki pi rich yo posede 50% richès peyi  ane pi yo pa envisti pou kreye richès yo al sere lajan yo nan lòt peyi, kisa w vle pou jèn sa yofè ?

Koripsyon  louvri  zèl li nan Leta kou nan prive, pwodwi premye nesesite chè anpil kidonk, grangou a panboulatcha moun ki pi pòv yo. Pitit pèp la paka al lekòl kòm sa dwa, pagen mwayen pou sa ki resi fini yo antre  nan inivèsite, lwaye kay menm se gwo tèt chaje pou malere. Sa ki rive aprann yon metye pou yo travay si yo pa gen akwentans souvan yo blije kouche sou do osnon sou vant, majorite moun nan peyi an pa gen aksè ak sèvis de baz yo tankou : kouran, dlo, lopital elatriye. Apre tout konsta sa yo nou ka wèaklè tout kondisyonreyini pou mounkourikitepeyi sa pou al chachelavimiyòlòtkote.

Bagay yo pa ka rete konsa, bagay yo pa dwe rete konsa, Chili ak Brezil kòmanse mete anpil ekjijans pou vini lakay yo kounye a, kisa nap fè ? Eske nap rete bwa kwa ze ap gade jenès ki prale ? Souvan lè yo rive yal trimen pi mal pase lò yo te Ayiti, men akoz yo jwenn yon minimum sèvis yo pito rete, anpil moun nan popilasyon sa yo pa vle wè yo, yap mande pou yo bak yo Ayiti. Anplis, yo san defans nan peyi sa yo, yo sibi zak maspinay, sasinay epi yo pa ka defann yo. Alatraka pou moun sa yo sistèm ki nan defavorize.

Se  yon pwoblèm  ki  konsène  tout  ayisyen,  kidonk, nou dwe konpòte nou kòm sitwayen  tout  bon,  pou  nou kesyon  dirijan yo sou fason  yap mennen bak peyi ki pa pèmèt pitit li yo viv kòm sa dwa. Toutan nou pa di anyen, nou pa pran desten nou nan 2 pla men nou, nou fenk kare pati al redi pou ti grapday nou te ka jwenn lakay.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …