AYITI/EKONOMI: GAZ LA RANTRE MEN KOUT ZAM ANPECHE LI LIVRE. 

Direktè BMPAD la Ignace Saint-Fleur fè konnen genyon kantite gaz ki rantre ayè dimanch 1e septanm 2019 la nan peyi a e te genyon kantite ki te rantre samdi 31 out la.

Selon direktè Ignace Saint-Fleur gen 258 mil baril petwòl nan tèminal Thor a, yon kantite 53 mil baril petwòl te rive depi nan samdi 30 out 2019 la.

Selon Ignacs Saint-Fleur bato EVIE-PG ki te rantre samdi a gen ladann 40 mil baril dizèl, 12 mil baril gazolin epi mil (1000) baril kerozèn. Bato ARTEMIS la li menm ki rantre dimach lan pote 100 mil baril dizèl, 70 mil baril gazolin epi 35 mil baril kewozèn.

Yon gaz ki gen anpil difikilte pou livre akoz anpil kout zam kap tire nan zòn Matisan ak Bisantnè, chofè yo di yo pap met pye ni tèt yo nan zòn sa yo.

Nap raple depi plis pase yon semèn se anba goumen pou moun jwenn yon ti gaz nan kèk ponp kap vann pa ti konn gout, yon galon gaz rive vann jiska 600 goud atè nan lari e moun pa menm rive jwenn li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …