AYITI/ENSEKIRITE: ÒGANIZASYON SOSYO-POLITIK « KOLABORE » PRAN POZISYON SOU SITIYASYON SEKIRITÈ PEYI A.

Òganizasyon sosyo-politik konbit lakay pou bon revolisyon ak entegrasyon (KOLABORE), pran pozisyon sou sitiyasyon ensekirite a ki pa sispann vale teren depi kèk tan nan peyi a nan kad yon konferans yo bay ak laprès jounen lendi 2 septanm 2019 la

Jean Paul Berthony pòt pawòl òganizasyon « kolabore » a, nan entèvansyonl mande ak wo eta majò nan lapolis la pran responsablite yo, yon mannyè pou konbat zak ensekirite yo ki pa sispann taye banda nan matisan epi fè konnen si sa pa rive fèt yo prè pou kolabore ak popilasyon an pou byennèt peyi a.

Pilwen Kowòdonatè annaprè òganizasyon sila Louis Kervens (keke) fè konnen kolabore ak popilasyon an se pa nan lojik pou voye prezidan ale ki daprè li pap pote solisyon ak kriz peyi a ap fè fas jounen jodia.

Pou fini responsab estrikti sila yo mande ak mesye dam palmantè yo pou di yon mo nan sa kap travèse repiblik papa Dessalines nan.

 

*Otè:Anderson PHEBE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …