PRAN ChEZ BA OU.

Ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe reponn kesyon jij enstriksyon Jean Wilner Morin ayè nan kad ankèt kap mennen sou lanmò Alix Junior Gassant, selon avoka ansyen premye minis la Mèt Mario Delcy kliyan an li an pa gen anyen poul wè ak dosye sa.

 

Manm Media Enfo Plus(M I+) yo nan tèt kole ak Kolektif 2 Dimansyon ( K2D) epi  UNJPH bay yon konferans pou la près ayè nan restoran « Amis de la Presse » tou pre plas Jeremi kote yo prezante yon bilan pozitif de mach an silans ki te òganize jou ki te mèkredi  28 mas 2018 la. Jean Berquinze Augustin ki se yon manm nan Media Enfo plus yo, fè konnen yap tann avèk enpasyans rezilta ankèt DCPJ a sou disparisyon konfrè nou Vladjimir Legagneur.

 

72 nouvo komisè polis gradye ayè nan akademi an an prezans premye minis la, prezidan sena a ak plizyè manm nan kò diplomatik la, komisè sa yo ap gen pou deplwaye nan divès komisarya nan peyi a kote yap gen pou bay sipò yo nan bon jan fonksyonman yo.

 

Sityasyon panik nan divès zòn tankou Vilaj Dedye zòn Teyat nasyona,l  Site Plis, Site Letènèl, Site Louvèti, Enpas Kòk dò, 1, 2, 3, 4, 5 Avni, Ri Sent Bènadèt, Wout dal, Dekayèt, Siyon  ak plizyè lòt akoz plizyè bandi ki ta nan konfli nan zòn sa yo e anonse yap atake lòt, sa lakoz gwo kè sote nan mitan popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …