Prezidan Sena repiblik la senatè Carl Murat Cantave envite depite ak senatè 50 tyèm lejislati a nan Yon asanble nasyonal kap fèt lendi 9 septanm 2019 la Yon mannyè pou fèmen uityèm ak denyè sesyon odinè ane lejislatif la.
Nap fè konnen manda depite yo pwal fini ak kèk nan senatè yo, janvye 2020 ta sipoze gen depite ak Yon gwoup senatè ki pou antre pou vin ranplase sa ki pwale yo, men sanble sa ka pa rive fèt akoz gendwa pa gen eleksyon.
Nap raple asanble nasyonal la ap fèmen lendi 9 septanm 2019
Depite ap tou de blan epi senatè yo ap tou de nwa.
Otè : Malvoisin Louisias Diego