Pou pi piti senk (5) moun mouri nan peyi Etazini epi plis pase 450 lòt malad apre yo fin itilize yon sigarèt elektronik de 23 out 2019 rive 6 septanm 2019, sa ki pouse otorite sanitè yo reyaji e mande ak moun kap fimen pou yo fè yon kanpe lwen sigarèt elektronik la alatandan syantifik yo dekouvri sa ki koz lap touye moun konsa.
Selon premye enfòmasyon yo sentòm yo pa diferan kay moun ki fin itilize sigarèt sila li ba yo fyèv tous, tèt fè mal epi fè moun ki fimenl li yo vin piti el menm bay yon enfeksyon ki trè grav nan poumon fimè yo ki pouse yo al etène lopital.
Maladi sa chita kò li nan prèke tout peyi etwale a kote yo deja dekouvri 450 moun ki ap soufri de ka sa yo ke otorite sanitè yo konsidere kòm yon epidemi kote 33 eta gentan frape.
Kredi foto: LCI