Peyi Dayiti ki te sou wout pou FIFA mete li deyò nan tout konpetisyon entènasyonal ki gen rapò ak foutbòl apre ansyen antrenè seleksyon nasyonal la Patrice Nevu te pote plent pou federasyon ayisyèn nan devan FIFA nan mwa avril 2017 la pou kòb federasyon an te dwe li, federasyon an rive peye kòb la nan anvan lè yo te ba li a rive.
Komisyon disiplin FIFA a ki te bay ansyen antrenè ayisyen an Patrice Neveu rezon te mande federasyon an pou peye fransè a montan 200 mil dola vèt tout frè ladann nan yon delè ki tap bout 31 out 2019 la, nan ka kòb la pa bay Ayiti tap gen gwo sanksyon. Prezidan Federasyon ayisyèn foubòl la Yves Jean-Bart rive peye kòb la anvan dènye jou limit la e retire peyi a sou menas sanksyon li te ye a.
Nap raple Patrice Neveu te kite seleksyon an nan mwa desanm 2016 li te apèn gen ennan nan yon kontra de (2) lane li te gen ak federasyon an ke li te kritike nan yon lèt tou louvri akoz li pat jwenn mwayen lajan li.