Jèn jounalis angaje Elie Fleurimond fè distribisyon materyèl eskolè ak plis pase 75 ti moun pou ane akademik 2019-2020 an, nan kad yon aktivite li òganize nan komin petyonvil, jounen lendi 9 septanm 2019 la.
Daprè jèn jounalis la aktivite sa òganize nan lide pou akonpaye paran ki gen fèb mwayen pou voye pitit yo lekol epi fè konnen malgre li te fè demand bo kote plizyè pèsonalite nan vi nasyonal la pèsòn pat rive sipòte aktivite a, se ak fèb mwaye li genyen ki fè jounen an yon reyisit
Pou fini Elie Fleurimond fè konnen se pa premye fwa lap fè jan de jès sa ak moun ki pi fèb yo epi espere ane ki gen pou vini lap ka ede plis moun toujou
*Otè:Anderson PHEBE*