Senatè latibonit la Carcia Delva ki tap patisipe nan Yon emisyon demanti enfòmasyon ki ta fè kwè ameriken koupe viza li, senatè a fè konnen li pa gen viza depi 2002.
Garcia Delva ale pi lwen poul di si ameriken koupe viza li se Senatè Jean Renel senatus zo kiki ak senatè Youry Latortue ki koz paske se yo ki lage dosye kidnapping sou do li.
Senatè a fè konnen li pa konn sak Yon kidnapping li pa enplike nan okenn ka kidnapping, Yon lòt kote li di li konn pale ak Arnel Joseph chèf gang vilaj dedye ak pòs pyero a.
Poun fini nap fè konnen Senatè Jean Renel senatus zo kiki te deklare ak katreven dizwit pou san (98%) senatè Gracia Delva nan kidnapping.
Otè : Malvoisin Louisias Diego