Moun yo pa rive idantifye kidnape de (2) anplwaye Ona ki nan Biwo Santral ayè apre midi devan biwo Ona ki nan Dèlma 17 la pandan anplwaye yo ta pral moute machin pou yo rantre lakay yo.
Daniella Bernard ki nan sèvis pòt fèy epi Nancy ki nan resous zimèn, se de anplwaye ki viktim zak kidnapin sa.
Selon enfo nou rive jwenn de kèk anplwaye Ona kidnapè yo ta mande 250 000 dola vèt pou ta libere anplwaye yo e yo fè konnen ta gen yon gwoup moun ki te konn vin fè sit in devan bwat la, yo te anonse yo pral kidnape nan anplwaye yo sou kont direktè a ki pat vle ba yo travay.
Direktè jeneral la Chesnel Pierre ki te fè yon kout pye nan biwo santral jodia mande anplwaye yo pou yo priye pou Daniella ak Nancy ka jwenn liberasyon yo