LEMOND/RDC: 50 moun mouri nan yon aksidan tren nan peyi repiblik demokratik di kongo

Byen bonè maten jedi 12 septanm 2019 la, plis pase 50 moun pèdi la vi yo epi san konte plizyè lè zòt soti blese nan yon aksidan tren ki te chaje moun epi ak machandiz nan lokalite Mayabaridi nan zòn pwovens Tanganyikaj

Daprè minis aksyon gouvènman santral la,mesye Steve Mbikayi, fè konnen bilan ki kominike yo poko definitif pa rapò ak rès moun ki rete anba rès machandiz ki te nan tren an

Pi lwen mesye Steve anonse gen gwo dispozitif de sekirite ki pral pran yon fason pou ka gen plis kontwòl ki fèt sou kantite moun kap gen pou monte tren yo

pou fini mesye Steve ,fè konnen chak deplasman yon tren ki fèt gen plizyè moun ki debake ladann yo ilegal,sa ki toujou reprezante yon gwo pwoblèm kote nan mwa mas 2019 la, 24 moun pèdi la vi yo epi yon ventèn lòt moun ki soti blese

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …