LEMOND/ETAZINI: BAGAY YO CHANJE, OU AMERIKEN OTOMATIK SÈL SIW FÈT SOU TÈRITWA A.

Administrasyon Trump lan pran yon nouvo desizyon sou regleman nan  kesyon nasyonalite a, yon nouvo regleman ki ta dwe aplike 29 oktòb 2019 kap vin la.

Nan tan pase yo depi yon sitwayen ameriken (diplomat, lame, responsab ONG..etc) ale nan misyon nan yon peyi etranje e ta fè yon pitit sou tè etranje a otomatikman timoun sa te tou pran nasyonalite ameriken anbyen administrasyon Trump lan chanje bagay yo.

Selon nouvèl regleman an pou timoun nan pran nasyonalite ameriken an li dwe fèt sou tèritwa ameriken an menm, sil fèt deyò tèritwa a ameriken an lap gen nasyonalite kotel fèt la, lwa sa ap aplike 29 oktòb 2019 selon responsab yo. Kounye a kew nan lame, diplomat oubyen lòt depi ansent met pye se fè demach pou akouchman an al fèt sou sòl ameriken an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …