AYITI/POLITIK:VACKSON BÉLONY MANDE LAJENÈS POU PRAN KONSYANS DE ETA PEYI A.

Vackson Belony mande ak jenès Ayisyèn nan, pou yo pran konsyans de eta peyi a nan yon entèvyou espesyal li akòde ak yon jounalis repòte nou nan kad patisipasyonl nan dezyèm jounen atelye travay MOPA-N tap òganize pou jèn yo jounen vandredi 13 septanm 2019 la

Vackson Bélony nan entèvansyonl fè konnen se yon plezi poul patisipe nan pwogram kote yap fòme jèn paske li konstate nan sa peyi a twouvel jodia san batay jèn yo nou pap rive soti nan san ye a

Pilwen sitwayen an pwofite pou di anpil moun ki defini travay lap fè jodia kom plan batay li pou arive jwenn benediksyon jèn yo ki a plis pase 60% nan popilasyon an poul antre nan palman an, li jijel tap nesesè pou yo fè menm jan avèl si tout fwa yo ta vle yon chanjman total epi reyèl

Pou fini Vackson Bélony pwofite pou di li pa akonpanye jèn yo sèlman pou fè aktivite kiltirèl li ede yo tou pou jwenn bous kap pèmèt yo al etidye nan peyi lòt bò dlo yon mannyè pou vin bay peyi a sèvis yo demen.

 

Otè:Anderson PHEBE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …