Diferans ki genyen ant vizit Leta,vizit Ofisyèl,vizit Prive e vizit travay.

Vizit Leta se sa ki konsène chèf Leta peyi a, men nan kèk peyi yo rele chèf Leta a prezidan. Kote Chèf Leta a òganize yon seremoni byen espesyal ki repoze sou do sèvis pwotokòl egzekitif la. Men se yon vizit ki vrèman ekstraòdinè nan objektif pou montre mond lan kijan 2 Eta sa yo zanmi, Vizit sa pa fòseman pou chèf Leta a ale diskite, negosye, travay men pou yon selebrasyon.

 

Nan yon seremoni vizit Leta a gen 6 pwen enpòtan:

1- Vizit Leta a dire 3 jou si pagen yon enkonvenyan.

2- Laria a , kay yo, enstitisyon nasyonal yo dwe dekore ak koulè nasyonal 2 peyi yo.

3- Prezidan Repiblik la ap resevwa  lòt prezidan an nan  ayewopò ,yon tapi wouj ouvri  avèk yon gwoup fòs lòd (lapolis,militè ) peyi a akèy la.

4-  Nan fen premye jou a,Vizit la ap make ak yon dine Leta peyi akèy la ofri prezidan  ki antre nan peyi akèy la.

5-Prezidan ot la (hôte) ap depoze yon jèb flè nan panteon nasyonal peyi akèy la.

6- Chèf Leta etranje a ap ofri yon dine avèk anbasadè l yo.

NB:Ka gen lòt ti modifikasyon kifèt nan seremonyal la.

 

Vizit Ofisyèl la diferan pase vizit Leta a ,paske vizit Leta a se sèl chèf Leta yo,alòske vizit Ofisyèl la la  konsène chèf Leta a ni chèf gouvènman an .(gen nan peyi yo rele chèf gouvènman premye minis).Men seremoni Ofisyèl la pipiti  seremonyal pase vizit Leta a.

Vizit Prive a se yon chèf Leta oswa yon chèf gouvènman an ale nan bon peyi etranje ak yon tit non Ofisyèl,men pito ak yon kalite prive,kipa nan kad yon misyon pou ou montre w al reprezante Leta.

Vizit Travay la selè chèf Leta a oswa chèf gouvènman   an ale nan yon peyi etranje pou li kapab jwenn yon bagay ki pouli ede peyi avanse e ki kreye yon relasyon  byen fonde ant peyil e lòt peyi li ale nan vizit travay la ,e pou livann imaj lakay li pandan lap prezante festivite pou li onorer hôte la.

 

Jean Gardy

Telefòn:(509) 4777-7958

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …