ESPÒ/LIGDÈCHANPYON: REZILTA TOUT MATCH POU PREMYE JOUNEN AN.

Swasann senkyèm edisyon ligdèchanpyon an demare jodi madi 17 septanm 2019 la ak anpil bèl afich.

Ekip Inter Milan an ki tap resevwa Slavia Praha konnen yon match nil (1-1).

Ekip Zenith lan ki te an deplasman kay ekip fransè a Lion konnen yon match nil (1-1).

Liverpool fè yon soti krab devan kay ekip Italyèn nan Naple kote yo pran yon gwo so (2-0).

Salzburg ki tap resevwa ekip Genk lan fè yon gwo viktwa (6-2).

Dortmond ki tap resevwa ekip FC. Barcelone nan lakay yo konnen yon match nil (0-0).

Benfica tonbe lakay li (1-2) devan ekip Leipzig.

Valence ki te tonbe fò pandan week-end nan devan ekip Barcelone nan rive mete do Chelsea atè (0-1).

Ajax ki tap resevwa Ekip Losc kase met nan men yo (3-0).

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …