LEMOND/LASANTE: kanpay vaksinasyon kont fyèv malarya nan peyi kenya

Plizyè timoun rive vaksine jounen madi 17 septanm 2019 la nan peyi kenya kont maladi malarya.

Lansman kanpay vaksinasyon sa fèt nan sant sante Comte de Homa Bay, ki se youn nan rejyon nan mond lan ki pi touche ak fyèv malarya

Daprè minis sante a, mesye Socily Kariuki li fè konnen lansman kanpay vaksinasyon sa reprezante an pakèt bagay pou popilasyon an pa rapò ak kantite milye ti moun ki mouri ak maladi a.

Pi lwen mesye Sicily anonse li pral entwodwi divès mezi de kontwol yon fason pou ranfòse kantite vaksen yo epi pou redwi nonb timoun kap viv ak enfesyon an epi ki mouri ak maladi a

poun fini nap fè konnen malarya se marengwen ki bay li epi sentom li bay se dyare ak lafyèv.

*Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …