AYITI/PETWÒL: SAN KARANT MIL(140000) BARIL GAZOLIN POU ALIMANTE KÈK PONP.

Premye minis demisyonè a Jean Michel Lapin, anonse gen yon bato ki genyen 140 mil baril oubyen sis milyon sèt san ven mil galon gazolin ki ta dwe debake nan tòland ak vare soti aswè a pou bout demen swa yon fason pou alimante kèk stasyon gaz// nan kad yon konferans li bay ak laprès jounen madi 17 septanm 2019 la

Jean Michel lapin nan entèvansyonl fè konnen sou 500 mil baril gaz yo ta kòmande se 140 mil baril gazolin ki sou wout pou debake epi pwofite pou di sis milyon sèt san ven mil galon gazolin sila konsène kat pomp ki ta deja peye tankou: Dinasa, Kimazo ak sol pou site sa yo sèlman

Pou fini premye minis demisyonè a fè konnen distans pou rive 28 nan mwa septanm nan tout ponp gazolin nan peyi a ta dwe alimante ak pwodwi petwolyè yo.

 

Otè:Anderson PHEBE.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …