LEMOND/LIBERYA: 26 ELÈV AK DE PWOFESÈ MOURI KANGANNEN NAN YON LEKÒL.

Venn sis (26) elèv ak de pwofesè mouri kangannen nan yon lekòl koramik nan peyi Liberya nan lannwit madi 17 septanm nan pou rive maten mèkredi 18 septanm 2019 la.

Selon pòt pawòl prezidan Georges Weah a timoun sa yo ki boule nan dife sa ke yo poko konnen kisa ki ta lakoz li a gen 10 a 20 lane ak de granmoun ki yo menm se te pwofesè ki bay yon total 28 moun ki pèdi lavi yo.

Byen bonè maten mèkredi 18 la, paran ki gen timoun yo nan lekòl la tap prese ale gade ak espwa si yo ta jwenn nan timoun yo ki poko mouri, malerezman se rèl.

Prezidan peyi Liberya Georges Weah ki te ale sou plas pou konstate dega yo, fè yon tweet kotel adrese li ak paran e fanmi ki gen pitit yo viktim nan dram sila.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …