SENDOMENG/POLITIK: OTORITE PEYI SENDOMENG METE PINGA SOU FWONTYÈ LAKAY LI AVÈK AYITI.

Otorite pèp Dominiken yo pran yon gwo desizyon pou fè pèp Ayisyen an konnen fwontyè ant de (2) peyi yo fèmen, desizyon sa pran pou pa kite twoub politik ki sou tèritwa Ayisyen an spesyalman pou ratman gaz la pa vin panike tèritwa pa yo.

Anons lan ki fè konnen fwontyè ant de (2) peyi yo fèmen an  fèt pa minis afè etranjè Dominiken an, Miguel Vargas MALDONADO.

Pou pa gen livrezon gaz ilegal ki fèt ant de (2) peyi yo, minis defans lan, Rubén Dario PAULINO fè konnen yo voye sòlda al sekirize stasyon sèvis gaz nan Dajabón anplis yo pwofite ranfòse fwontyè ant de (2) peyi yo avèk sòlda pou plis pwoteksyon sou tèritwa lakay yo, pou pa kite pyès ti detay echape yo.

Jan de desizyon sa yo bon pou pran avèk tout dezòd destabilizasyon ki gen lakay vwazen yo Ayiti, sa ki koz chak jou pèp Ayisyen an ap antre sou tèritwa yo ilegal sa ki ka pote gwo konsekans pou peyi yo daprè otorite Dominiken.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …