DIREKTRIS LOTRI LETA AYISYEN AN RANKONTRE AK OTORITE KAP OGANIZE LOTRI NAN PEYI REPIBLIK DOMINIKEN YO

Direktris jeneral lotri leta ayisyen an nan tèt yon delegasyon konpoze de wo grade enstitisyon an te ale nan repiblik dominiken an jou ki te 5 pou rive 7 avril pase a, nan lide pou’l te ka wè ki mezi dominiken yo pran pou rann lotri nasyonal  yo a byen mache.

 

Pandan jou sa  yo, Marie Margareth Fortuné jwenn pòt ouvè pou’l enfòme’l de tout mwayen responsab lotri repiblik dominiken an mete anplas pou bon mach endistri sa sou plan teknik-legal epi  enspire’l de bon izaj kay vwazen nou yo.Direktris jeneral la kwè ke li nesesè pou’l pote chanjman anndan lotri leta ayisyen an.

 

Se te yon okazyon pou Marie Margareth Fortuné te fè konesans ak fason yo fè tiraj nan tè vwazen yo.Direktris jeneral la te wè enplikasyon leta ak sektè prive afè yo, tenansye yo, nan òganizasyon chak grenn tiraj. Yon mwayen ki ka double nan peyi ayiti.

 

Direksyon jeneral la te profite de moman sa yo pou li pataje esperyans li , sa’l konn fè epi wòl enpòtan jwèt lotri nasyonal lan nan devlopman sosyal ak ekonomik yon peyi avèk divès dominiken ki envesti nan sektè jwèt aza yo( jwèt an liy yo, kazino, elatriye )

 

Marie Margareth Fortuné renouvle volonte administrasyon li an genyen pou fè lotri leta ayisyen an yon enstitisyon ki ka kontribye nan devlopman peyi a.

 

Direktris jeneral la fè yon apèl ak chak mèt bank bòlèt yo , pou yo ranje koze yo byen avèk lotri leta ayisyen an, sa ki yon pwen enpòtan pou fiti enstitisyon an.

Lisa Ridoré

+509 44 98 7760:

ridorelisa10@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …