ESPÒ/LIGDÈCHANPYON: EDEN AZARD PREZAN NAN LIS EKIP REAL MADRID LA.

Pou premye soti ekip Real Madrid la nan sa ki konsène ligdèchanpyon jounen mèkredi 18 septann 2019 la Eden Azard pral pile pelouz Parc des Prince la nan lakou Paris nan fyèf ekip PSG pou jwe premye match li nan konpetisyon sila ak poulen Zidane yo a 3zè nan aprè midi.

Se deja yon bèl afich ki anonse yon gwo match foutbòl ki ka chaje ak bèl aksyon menmjan 2 bèl ekip sa yo abitye fè l. Azard aprè kèk tan nou pa wè li nan efektif Real la, jodi a se ap gran retou li nan yon bèl okazyon pou l pwouve kapasite li fas ak parizyen yo.

Ak nimewo 7 li tache nan do l jodi a lap akonpanye de entènasyonal fransè a ansanm ak konlonmbyen an Karim Benzema ak James Rodriguez. Se pral yon bèl triyo datak ki pral woule balon fas ak yon Paris Saint Germain san Neymar Jr jodia nan Parc des Prince la.

Nan (2) de dènye edisyon ligdèchanpyon an de ekip sa yo te rankontre,  se ekip Real Madrid la ki toujou ranpòte lamayòl. Jodia ki sa ki pral pase? Nou poko konnen repons la.

Avèk prezans Azard ki pral gen 2 bon jwè avèl devan,Benzema ak James ekip Real Madrid ka tou pwofite rache laviktwa nan moman PSG ap manke kèk pyon enpòtan tankou Neymar ki sou sanksyon ak MBapé ki pap prezan.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …