ESPÒ/BALON DÒ: YON NOUVO TWOFE KREYE POU GADYEN YO.

« Magazine France football » fè konnen jodi jedi 19 septanm 2019 la ke balon Dò 2019 la ap remèt ane sa lendi kap 2 desanm 2019 la epi ap genyon nouvo twofe pou meyè gadyen an.

Twofe  kap gen pou meyè gadyen an ap pote non sèl grenn gadyen Sovyetik  « Lev Yachine » ki te rive ranpòte balon Dò a nan lane 1963 depi apre sa pa janm genyon gadyen ki rive ranpòte prim sa, lis gadyen yo ak tout lis ni bò kote mesye yo ni bò kote medam yo ap soti 21 oktòb 2019 kap vini la.

Nap raple se Luka Modric ki sot pran balon dò 2018 la bò kote mesye yo li se yon kwat e lap jwe nan ekip Real Madrid la epi nòvèjyèn Ada Hegerberg kap jwe nan ekip Lyon an te ranpòte balon dò a bò kote medam yo pou premye fwa menm jan ak kwat la Luka Modric.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …