LEMOND/AFRIK DISID: 1500 ETRANJE KOURI KITE  KAY YO NAN PEYI AFRIK DISID.

ONU fè konnen vandredi 20 septanm 2019 la gen 1 500 etranje ki met van nan zèl yo nan peyi Afrik Disid akoz zak vyolans ki gen sou etranje yo nan peyi sa depi kòmansman mwa septanm nan.

Pifò nan moun sa yo se migran, moun ki mande azil ak moun ki pran refij yo oblije kouri kite kay yo pou pa viktim anba zak vyolans yo ki vize etranje yo kote yon douzèn moun gentan pèdi lavi yo plizyè biznis kraze epi boule nan zòn townships ak nan sant vil Johannesburg pi fò biznis sa yo se pou nijeryen.

Selon enfòmasyon yo pou pi piti senk san (500) nijeryen gentan kite peyi Afrik Disid e retounen lakay yo majorite ladan yo se moun ki te gen biznis nan peyi Nelson Mandela a.

Selon pòt pawòl wo komisarya ONU an pou refijye yo Charlie Yaxley fè konnen moun yo ki kache nan kèk sal nan kominTownship pa deside rete akoz yo pa an sekirite yo mande pou yo tounen lakay yo, pòt pawòl la fé konnen gen 800 nan moun yo ki soti nan peyi Mozanbi epi lòt yo soti nan peyi Malawi ak  Zimbabwe.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …