AYITI/MANIFESTASYON: BIWO DEPITE SENMAK LA KONN YON MOVE MOMAN ANBA MEN MANIFESTAN YO.

Biwo depite komin Senmak la Samuel D’Haiti pase yon move moman jounen vandredi 20 septanm 2019 la anba men moun ki tap manifeste nan komin senmak yo.

Manifestan yo ki te trè an kòlè antre nan biwo depite Samuel D’Haiti a yo kraze epi mete dife nan tout sa yo jwenn anndan biwo a, depite a ki pat prezan nan biwo a nan moman deblozay sila poko reyaji sou zak sila.

Selon kèk manifestan ki tap lanse anpil pawòl piman bouk kont prezidan repiblik la Jovenel Moise fè konnen yo atake biwo depite a paske li pa fè anyen pou komin nan epi lap sipòte gouvènman an, manifestan yo ki te trè an kolè pa met dlo nan bouch yo pou kritike palmantè yo ke yo akize nan tout pwoblèm peyi a ap konfwonte dènye tan sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …