ESPÒ/PREMYE LIG: MANCHESTER CITY LAPIDE WATFORD.

Nan match ki konte pou 6 zyèm jounen premye lig anglè a maten an Sky blues yo krabinen ekip Watford la (8-0) nan Ethiad stadium nan nan fyèf City.

Se depi nan premye minit match la City ta pral komanse make gòl avèk David Silva ki ta pral jwenn chemen filè a. Sergio Kun Agüero limenm nan 7′ ta pral mete match la (2-0) sou penalite epi san pran tan (3-0) te vini gras avèk Mahrez nan 12zyèm minit match la.

Watford ki te parèt two fèb fas ak yon ekip sitizenn ki te mande anraje ki pat janm satisfè de kantigòl yo se sak fè City ta pral fè filè a tranble ankò avèk Bernado Silva nan 15 zyèm minit jwèt la epi fè (4-0) a epi 3 minit pita Otamendi tapral fè yon lòt gòl pou mete match la (5-0).

Premye peryòd te fini an favèvè ekip Blesyèl la.Trè bonè nan dezyèm peryòd Bernado make yon 6 zyèm gòl epi li menm ankò pral make yon 7tyèm gòl nan 60 minit jwèt la.

Pou fini ak kanaval gòl sila se K.De Brune nan 85kyèm minit ki souke filè ekip Watford la pou mete match la (8-0) .

City avèk viktwa sa gen dezyèm plas la a 13 pwen nan do Liverpool ki limenm genyen 15 pwen annatandan.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …