ESPÒ/LIGA: BARCELONE TONBE YON LÒT FWA ANKÒ.

Apre defèt yo nan premye soti yo a jodi samdi 21 septanm 2019 la nan kad 5 kyèm joune chanpyona Despay la poulen Ernesto Valverde yo tonbe an deplasman (2-0) lakay Granada nan estadio Nuevo Los Cármenes la.

Byen bonè, nan 2 zyèm minit match la Barcelone ta pral pran premye gòl la, se Ramón Azeez ki te ouvri eskò pou Granada. Nan 21 nyèm minit Suarez ta pral pran yon katon akoz li te fè yon fot kont yon jwè advès. Malgre kèk atak bò kote katanlan yo pou wè si yo ta jwenn egalizasyon an sa pat mache epi yo ta pral antre nan vestyè a tèt bese.

Nan dezyèm peryòd la anpil moun panse Barcelone ta pral jwenn egalizsyon epi menm bat match la sitou avèk aparisyon Leonel Messi akonpanye de Anssoumane Fati sou teren nan 46zyèm minit yo men sa ki pat mache. Malgre prezans lejand yo a sa pat anpeche Granada make yon dezyèm gòl nan 66zyèm minit gras ak Alvaro Vadillo.

Aprè defèt sa ekip Barcelone nan pran 7 tyèm plas nan klasman a 7 pwen pandan viktwa sa bay Granada tèt klasman a 10 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …