AYITI/DEBLOZAY: SENATÈ RALPH FETHIERE MELE AKOZ LI TIRE NAN LAKOU PALMAN AN YON JOUNALIS YON MILITAN POLITIK PRAN BAL.

Seyans ratifikasyon premye minis nome a Fritz William MICHEL pa rive fèt nan palman Ayisyen maten lendi 23 septanb 2019 la jan sa te anonse a, gwo deblozay pete nan lakou palman.

Ralph FETHIERE senatè nò a selon enfòmasyon li bay fè konnen li tire nan lakou palman vre jan sa ap kouri nan lari a men se pou te pwoteje tèt li avèk kòlè militan yo kite anndan lakou palman an sa ki ta lakoz jounalis Dieu-Nalio CHÉRY, militan politik Léon LEBLANC pran bal.

Tout moun kite prezan nan lakou palman Ayisyen an oblije kraze rak paske bagay la te mangonmen senatè kouri, seyans ratifikasyon premye minis nome a pwograme pou yon lòt dat ki pako detèmine.

josephjemsley814@gmail.com

Kredi foto: REUTERS

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …