AYITI/SOSYAL:YON SEMÈN ASENISMAN POU MET LAJAN NAN PÒCH SAK PI MAL YO.

Guy Joseph kowòdonatè platfòm rezistans tèt kale a, lanse yon nouvo pwogram asenisman nan komin petyonvil, jounen lendi 23 septanm 2019 la

Nan entèvansyon kowòdonatè platfòm sila ki se yon estrikti pwòch pouvwa an plas la fè konnen pwogram sa lanse nan sousi pou pwomès prezidan repiblik la Jovenel Moïse kontinye respekte kotel te di lap met kòb nan pòch popilasyon an

Pou fini Guy Joseph pwofite pou di se gras ak ansyen direktris SMCRS la Magalie Habitant ki fel arive patisipe nan pwogram sa e pèmèt lot moun jwil epi fe konnen se yon pwogram kap dire 5 jou sèlman e ki pap pase menm jan ak sa ki te fèt sou ansyen premye minis Jean Henry Ceant an kote moun ki te travay pat rive jwenn sa ki ta dwe vin nan men yo.

 

Otè:Anderson PHEBE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …