AYITI//DEBLOZAY: POPILASYON GONAYIV LA METE DIFE NAN BIWO SENATÈ CARL MURAT CANTAVE

Popilasyon Gonayiv la kraze épi mete dife nan biwo politik prezidan chanm Sena a senatè Carl Murat Cantave nan latibonit.

Aprè senatè latibonit la te fin anonse seyans ratifikasyon Premye minis nome a pou Jodi Lendi 23 septanm nan, ebyen popilasyon Gonayiv la an kòlè kont senatè à ki daprè yo Carl Murat Cantave trayi yo.

Nap fè konnen aprè yo fin kraze épi mete dife nan biwo a,manifestan yo pran direksyon kay kot senatè a rete nan vil gonayiv..

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …