ESPÒ/PREMYE LIG: LIVERPOOL GENYEN MATCH CHÒK LA FAS AK CHELSEA.

Nan kad 6zyèm jounen chanpyona anglè a Liverpool konnen yon 6zyèm viktwa afile lè li bat Chelsea (0-2) nan fyèf li ayè dimanch 22 septanm 2019 la.

Se nan mwens pase yon kadè ekip Liverpool la ta pral ouvri mak la avèk Trent Alexander Arnold ki ta pral tranble filè ekip Chelsea a match la te (0-1) depi nan 14zyèm minit jwèt la. Sa patap rete konsa paske entènasyonal brezilyen an Roberto Firmino nan 30 tyèm minit ta pral fè yon gòl pou mete match la (0-2).

Blues lond yo pat vle rete bra kwaze paske yo pa two byen plase nan klasman epi yo te lakay yo,yo tap eseye fè jwèt la pou jwenn rediksyon eskò a men se te difisil fas ak yon bon Liverpool. Finalman se Ngolo Kanté nan 71 zyèm minit yo ki ta pral fè yon gòl ki pèmèt Chelsea redui mak la.

Eskò final (1-2) anfavè reds yo,sa ki pèmèt poulen Klop yo toujou gen tèt klasman an a 18 pwen, 6match 6 viktwa pou Liverpool.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …