AYITI/POLITIK: FANMI LAVALAS MANDE POPILASYON AN POU KONTiNYE AK MOBILIZASYON AN.

Nan yon nòt pou laprès pati fanmi lavalas fè soti ayè lendi 23 septanm 2019 la,mande popilasyon an pou kontinye ak flanbo mobilizasyon an paske se sel mwayen pou rive chapote rejim sou pouvwa sa ki jiska prezan pap regle anyen sou pouvwa a

yon lòt bò responsab pati fanmi lavalas yo salye kouraj pèp ayisyen an ,konpatriyòt dyaspora yo epi ak tout manb pati a ki sou tout teritwa peyi a

Pilwen responsab yo te tou pwofite salye memwa tout moun ki viktim anba gouvènman an ke yo kalifye de sanginè epi ki toujou ap fè represyon sou ti pèp la
yap reklame pi bon kondisyon de vi

poun fini moun ki siyen nòt sila

Se Dr Maryse Narcisse, Mr Joel Vorbe,Dr Jean Myrto epi Agr Antony Dessources

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …