AYITI/POLITIK: PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOÏSE ENVITE TOUT FÒS VIV NASYON AN CHITA ANSANM POU SOVE AYITI.

Chèf leta a Jovenel Moïse adresel ak nasyon an nan yon mesaj byen bonè mèkredi maten 25 septanm 2019 la,
aprè divès deblozay ke militan opozisyon yo gentan fè nan peyi a

Nan diskou sila a chèf leta salye tout moun ki viktim anba tout kalte vyolans ki fèt pandan jou yo epi salye memwa tout moun ki gen pwoch yo ki mouri yo.

Prezidan repiblik la fè konnen nan diskou sila si kraze brize te ka bati peyi a li tap chanje deja,si fè timoun pa ka al lekol peyi a tap rekonstwi deja, si mete pow te ka chanje peyi a peyi a tap bati deja

Nan sans sa li mande pèp ayisyen an pou gade kal li ak pasyans li paske tout pwoblèm peyi a paka rezoud yon sèl kou

Yon lòt bò Mesye Jovenel Moïse te fon ti pale sou kesyon premye minis lan ki poko ka ratifye nan sena repiblik la ki jiska prezan rete yon veritab pwoblèm pou peyi a

Nimewo 1 nasyon a mande premye minis demisyone a Mesye Michel Lapin,pou pran tout dispozisyon nesesè pou rive rezoud kèk gwo pwoblèm peyi a ap fè fas
yon fason pou garanti sekirite byen tout moun nan peyi a epi pou travay prese prese sou zafè salè minimòm nan

Pilwen prezidan an pwomèt pou gen yon gouvènman inyon nansyonal epi yon trèv politik yon fason pou rive rezoud tout kalte pwoblèm peyi a ap fè fas yo

Pou fini Jovenel Moìse fè konnnen li pap rezoud pwoblèm vyolans lan ak vyolans men se pito rezoud pwoblèm vyolans lan ak dyalòg paske se sèl mwayen pou retire ayiti nan sal ye la

Kesyon kap poze eske diskou sila ap rive fè pèp ayisyen an antre lakay li ki deyo depi twa semèn parapò ak ansanm pwoblèm sa yo yap andire a tankou lavi chè achomaj ,koripsyon epi enkapasite prezidan an pou reponn ak tout gwo defi sa yo yon sèl bagay sa rete aswiv?

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …