AYITI/DYALÒG:ANMH FÈ YON TI RALE ZÒRÈY MOUN K AP BAT BRAVO POU ANKOURAJE VYOLANS NAN PEYI A.

Asosoyasyon nasyonal medya Ayisyen (ANMH) sòti yon nòt pou montre  zak vyolans ki pran tèritwa nasyonal la pandan plizyè semèn kote plizyè sitwayen viktim san sekou nan biznis avèk sou lavi yo, pa gen apresiyasyon ditou nan zye pa yo, sitou avèk moun k’ap aplodi mouvman malonèt sa yo.

Yo pwofite rale zòrèy senatè nò a Ralph FETHIERE kite konpòtel tankou yon sòlda kote li lakoz plizyè blese nan lakou palman Ayisyen an, sa ki ta dwe voye senatè a al reponn kesyon lajistis.

Asosoyasyon nasyonal medya Ayisyen (ANMH) wè bò kote eli nasyonal yo feblès avèk kapasite yo pa genyen pou ranpli travay popilasyon an ba yo, spesyalman palmantè yo ki pa kapab reyalize yon seyans.

Sa ki pouse yon van lapèrèz bò kote yo pou envestisè avèk biznisman yo ta abandone avèk misyon yo sa ki pral mete plis lamizè nan peyi a k’ap gen gwo konsekans sou ekonomi an.

Yo pote senpati yo avèk brav jounalis Dieu Nalio CHÉRY kite pase anba kòlè zam senatè a pandan li t’ap ranpli devwa avèk misyon jounalis li, sa kita merite yon dedomajmam pou jounalis la.

Pou fini yo mande pou gen yon konsyans nasyonal ki pran paske jan bagay la reprezante la ka peyi a très grav e pwoblèm yo monte youn sou lòt, sa ki mande yon bon chita pou kòmanse chache solisyon yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …