AYITI/ENSEKIRITE : YON GWOUP JÈN NAN KANAPEVE CHWAZI POTE YON REPONS AK ENSEKIRITE A.

Yon gwoup jèn nan kanapevè ki gen nan tèt li Wolf Tompson LAGUERRE avèk Vanding KOSSINY ki santi yo konsène ak sitiyasyon tristès peyi ap konnen dènye jou sa yo ki lakoz ti machann, elèv lekol, mas la, polisye yo, atis yo, antreprenè tout viktim anba kolè ensekirite a.

Nan tèt ansanm yo y’akouche yon oganizasyon ki pote non « NON AK ENSEKIRITE » pou tout moun nan sosyete a mete tèt ansanm pou kouri dèyè ensekirite ki bay tout moun pwoblèm.

Yo voye yon mesaj fò bay otorite yo avèk boujwazi a pou di retire zam nan men jèn yo mete travay, pou avni yo pa pase mal paske nan yon peyi ki pa gen travay, lèw travay pou enterè pesonèl ou se pou pwòp lanfèw ou travay.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …