ESPÒ/LIGA: YON VIKTWA KI ENPÒTAN POU REAL MADRID.

Apre ekip Real Madrid la te fin fè yon viktwa (1-0) fas ak Seville nan senkyèm jounen liga a ayè mèkredi 25 septanm 2019 la madrilèn yo triyonfe sou ekip Osasouna a lè yo bat li (2-0).

Se gras avèk yon bijou entènasyonal Brezilyen an Vinisius Jr reyalize nan 36 zyèm minit ki ,se yon gòl ki gen klas, se yon balon Vinisius kontwole epi li mete yon tir anvlope ki kite gadyen advès la san reyaksyon, se premye gòl li sou koulè mezon blanch lan. Gòl sa te pèmèt poulen Zidane yo mennen (1-0) ki te pèmèt yo antre nan vestyè ak avantaj la.

Ekip Osasouna a tap mete presyon men yo pat arive jwenn egalizasyon an fas ak yon Areyola ki te ranplase premye gadyen yo a. Real Madrid ta pral agrave eskò a gras avèk yon lòt Brezilyen ankò, Rodrigo nan 72 zyèm minit aprè yon bèl pas de Casemiro.

Aprè bèl viktwa sa ekip Real Madrid pran tèt klasman Chanpyona espanyòl la.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …