Ayiti/dyalòg: Relijyon pou lapè asepte envitasyon chèf leta repiblik la.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse anonse sou twitter lannwit jedi 26 septanm 2019 la ke relijyon pou lapè aksepte pou chita ak diferan sektè nan vi nasyonal la sou sitiyasyon kriz peyi a ap fè fas la.

Nap presize seri chita pale sa yo ap gen pou fèt nan lide pou rive abouti ak yon akò politik fas ak kriz peyi a ap konnen dènye jou sa yo.

Antretan divès sektè nan opozisyon an anonse pou vandredi 27 septanm 2019 la, yon jounen manifestasyon nan tout peyi a  toujou nan lide pou kontinye fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a.

kesyon moun ap poze eske relijyon pou lapè ap gen ase jèvrenn tout bon vre pou rive fasilte dyalòg sila jan prezidan repiblik la swete sa ,oubyen tou eske prezidan an ap finalman rive mete mandal la sou tab la tout bon vre jan anpil sektè nan opozisyon an ap mandel sa.

 

Rikenson Fulgeance.

Kredi foto: Haitilibre.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …