AYITI/DYALÒG: PLIZYÈ PEYI PANDAN SOMÈ NASYONZINI AN DAKÒ AVÈK DISKOU PREZIDAN REPIBLIK LA POU GEN YON DYALÒG NASYONAL.

Yon total 13 peyi ki nan menm rejyon avèk peyi Dayiti pandan 74zyèm sesyon òdinè asanble jeneral nasyonzini an nan peyi Etazini salye diskou prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE te adrese avèk nasyon Ayisyèn nan mèkredi 25 septanb 2019 la.

Peyi sa yo aplodi desizyon prezidan repiblik la pran pou gen yon dyalòg nasyonal sa k’ap fasilite yo jwenn yon nouvo gouvènman nan tèt ansanm pou chanje sitiyasyon dezespwa peyi Dayiti retwouvel dènye tan sa yo.

N’ap raple minis afè etranjè a Edmond BOCCHIT se te reprezantan peyi Dayiti nan 74zyèm sesyon òdinè asanble jeneral nasyonzini an apre prezidan repiblik la pat deside ale pou te kapab adresel avèk nasyon an, kote twoub politik yo pa sispann repete.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …