AYITI/APRANN KONNEN: TOUT TI DETAY SOU KANPAY ELEKTORAL.

Nan konesans plis nou pote pou ou *KANPAY ELEKTORAL* kijan sa fèt e kisa li ye?

Yon konpay elektoral se yon kantite aktivite yon sitwayen ki pral nan eleksyon oubyen yon pati politik itilize pou montre sa yo genyen nan djakout yo kòm pwogram, pou pote solisyon pou popilasyon an kote gen eleksyon ki planifye pou fèt.

Nan tout aktivite sa yo, reyinyon politik Kandida trè enpòtan pou montre kisa li gen nan pwogram li, deba politik dwe yon zouti pou kandida yo montre diferans yo, yo kapab itilize medya yo pou fè pwomosyon pou spòt e ede yo vann pwogram sa yo san fòs kote pou yon kandida, yo kapab distribiye mayo, badj, foto pou fè popilasyon an konnen yo e kisa yo gen pou popilasyon an.

Kanpay elektoral kandida yo dwe pwòp e transparans dwe blayi san pèsekite yon lòt nan entimide youn lòt, yon kanpay elektoral se pa yon gè pou detwi men pito yon mwayen pozitif pou ede nan chanjman yon pèp avèk bèl vizyon ki dwe akouche.

Pati ki pou pouvwa an plas la pa dwe fè dap piyanp sou byen leta pou fè kanpay li tankou radyo leta, televizyon leta, jounal leta, machin leta, oubyen lòt materyèl leta posede, men se pou tout Kandida yo, sa dwe fèt paske leta se pa pou yon pati men se pou tout moun nan peyi a.

Yon kandida ka fè chwa moun ki pou sipòtel nan kanpay li paske l’ap bezwen lajan pou fè sa, men se lajan se yon lajan ki dwe pwòp ki pa fèt nan vye kondisyon se menm bagay la pou yon pati politik.

Moun ki pi byen konvenk popilasyon an nan vizyon li pou chanje sa pandan kanpay li se li ki gen plis chans pou ranpòte lamayòl la, yon kanpay elektoral se yon zam pou chanje lavi moun ki pi mal yo nan wete yo nan lamizè, men se pa yon zam pou detwi lavi pèsòn.

SE TE RIBRIK PAW LA APRANN KONNEN,NOU BA OU YON LÒT RANDEVOU KONSA POU YON LÒT
SAMDI PWOCHEN.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …